- Arabic | العَرَبِية
- ·
- Bengali | বাঙালি
- ·
- Chinese (Simplified) | 简体中文
- ·
- English
- ·
- French | Français
- ·
- Haitian Creole | Kreyòl Ayisyen
- ·
- Korean | 한국어
- ·
- Polish | Polski
- ·
- Russian | Русский
- ·
- Spanish | Español
- ·
- Urdu | اُردُو
Aplike pou yon kat bibliyotèk jodi a lè w swiv kèk etap byen fasil
Èske w abite, ap travay, ale lekòl oswa peye enpolokatif nan Eta New York? Pran yon kat bibliyotèk gratis kounye a pou w ka gen aksè a tout sa Bibliyotèk Piblik New York a ap ofri!
Kòmanse aplikasyon w lan kounye a pou w ka kòmanse itilize liv elektwonik ak lòt resous nimerik touswit. Apresa, ale nan nenpòt branch NYPL pou w verifye enfòmasyon w yo epi pou resevwa yon kat fizik NYPL. Kat sa a ba w aksè a plizyè lòt bagay w ap jwenn nan Bibliyotèk la, ki gen ladan, liv fizik, ak pwogram Culture Pass la.
Si w soti nan yon lòt eta epi w ap vizite New York, ou ka aplike pou yon kat tanporè apati fòmilè sa a. Anvan vizit ou a, ou kapab mande materyèl fizik epi fè randevou pou rechèch. Pou lòt sèvis Bibliyotèk la ofri yo, ou kapab valide kat ou a an pèsòn nan yon branch NYPL sou 30 jou.
Si w soti nan yon lòt peyi, tanpri itilize fòmilè altènatif nou an pou vizitè entènasyonal yo. Avèk kat tanporè w la, ou ka mande materyèl epi fè randevou pou rechèch.
Aprann plis sou sa ou ka jwenn ak kat bibliyotèk ou a!
Lè ou soumèt yon aplikasyon, ou konprann epi ou dakò ak Tèm ak Kondisyon pou Pwopriyetè Kat nou yo epi ou dakò ak Prensip ak Règleman nou yo. Pou aprann plis sou kijan Bibliyotèk la itilize enfòmasyon pèsonèl, tanpri li Règleman sou Vi Prive nou an.